FEMA ap chache Konpayi Jesyon Pwopriyete pou Lwaye Dirèk

Release Date:
Novanm 14, 2024

FEMA ap chache enfòmasyon nan men Konpayi Jesyon Pwopriyete yo ki gen pwopriyete rezidansyèl oswa lokatif ki prè pou moun vin rete ladan yo nan kominote naa Florida kote Siklòn Helene nan te afekte.

Pou nou ka konsidere yo, Konpayi Jesyon Pwopriyete yo dwe ap fonksyone nan kominote oswa ozalantou kominote Siklòn Helene epi/oswa Siklòn Milton nan te afekte yo, san wete kominote ki nan yon seri konte tankou Citrus, Columbia, Dixie, Hamilton, Hernando, Lafayette, Levy, Madison, Okeechobee, Pasco, Pinellas, Suwannee ak Taylor. FEMA ankouraje tout konmpayi jesyon pwopriyete ki enterese yo pou yo panse pou patisipe.

Dat limit la pou kompayi yo reponn demann sa a pou yo ka jwenn enfòmasyon se Vandredi k ap 29 Novanm 2024 la.

Kisa Pwogram Lwaye Dirèk la ye?

Lwaye Dirèk la se yon fòm Asistans Lojman Tanporè Dirèk ki pèmèt FEMA antre nan yon kontra dirèk ak konpayi jesyon pwopriyete ki pa jeneralman disponib pou piblik la. Pwopriyete yo dwe disponib pou pi piti 18 mwa, ak yon opsyon pou pwolonje lwaye a. Apre sa, nou pral ofri pwopriyete sa yo kòm lojman tanporè pou sinistre ki elijib yo. Sa gen ladan l, apatman antrepriz, lokasyon pou pase vakans, dezyèm rezidans, pwopriyete bank sezi pwoprite ki gen plizyè mèt, kay youn kole ak lòt, ak lòt lojman. FEMA ka itilize inite sa yo pou moun ki aplike ki elijib ki pa kapab itilize asistans lwaye a akoz mank resous disponib. 

Ki kondisyon pwopriyete a dwe respekte?

Pwopriyete a dwe yon pwopriyete rezidansyèl ki egziste ki pa jeneralman aksesib pou piblik la ( sa vle di apatman antrepriz, lokasyon pou pase vakans, ak dezyèm rezidans), pou itilize kòm lojman tanporè:

  • Nou pa p konsidere lojman moun ki aplike yo ka jwenn gras ak asistans nan kesyon lwaye FEMA bay la pou Lwaye Dirèk la; 
  • Yo pa p konsidere otèl, Motèl ak lòt lojman tanporè yo pou Lokasyon Dirèk la;
  • Pwopriyete a dwe respekte Estanda Kalite Depatman Ameriken pou Lojman ak Devlopman Iben etabli nan kesyon Lojman yo epi l dwe respekte tout estanda ak règlemantasyon etatik ki apwopriye nan kesyon konstriksyon ak itilizasyon. Tout sèvis piblik, aparèy elektwomenaje, ak lòt mèb yo dwe ka fonksyone;
  • Chak lojman dwe gen tout entalasyon ki nesesè yo, san wete enstalasyon pou prepare manje, manje ak enstalasyon pou ijyèn anndan lojman an;
  • Pwopriyete a dwe sitiye nan yon espas kote moun k ap ret ladan l lan ka jwenn aksè ak sèvis kominotè epi sipò, tankou tanspò piblik, lekòl, sèvis ponpye ak ijans, Makèt, elatriye.
  • Tout konpayi jesyon pwopriyete yo dwe enskri pou yo ka fè biznis ak FEMA atravè Sistèm Jesyon Rekonpans (System for Award Management, SAM) lan souSAM.gov.

Ki Tèm ak Kondisyon yo?

  • Yon dispozisyon ki pou pèmèt FEMA vin sèl antite ki ka itilize lojman sa yo epi pou l vin sèl antite ki ka idantifye epi chwazi moun k ap vin rete nan lojman sa yo pandan dire kontra lwaye a.
  • Yon dispozisyon ki pou bay FEMA posiblite pou l remèt inite a bay pwopriyetè a epi pou l kanpe tout pèman chak mwa yo nenpòt lè pandan l ap bay yon avi 30 jou davans anvan l fè sa.
  • Yon dispozisyon ki pou pèmèt FEMA fè chanjman ak kòb li oswa k ap pèmèt li fè amelyorasyon apwopriye nan pwopriyete a nan objektif pou l bay yon moun ki aplike ki elijib men ki gen yon andikap oswa lòt bezwen nan kesyon aksè ak bezwen fonksyonèl yo yon akomodasyon apwopriye.
  • Yon dispozisyon ki pou pèmèt FEMA restore pwopriyete a pou l mete l nan kondisyon orijinal li anvan nenpòt modifikasyon oswa amelyorasyon apwopriye pwopriyetè a mande.
  • Yon dispozisyon ki gen yon pati ki garanti modifikasyon espesifik nan règ FEMA pou kesyon elijiblite ak detèminasyon lwaye a epi degèpisman ki nan tout kontra lwaye a ant pwopriyetè a ak likatè a.
  • Yon dispozisyon pou pwopriyetè a renonse ak verifikasyon kredi pou moun ki aplike ki elijib yo
  • Yon dispozisyon ki pou pèmèt FEMA bay yon lòt moun yon lojman ki pa gen moun lè gen yon moun ki aplike ki elijib bezwen yon asistans nan kesyon lojman tanporè epi vin gen yon lojman ki disponib anvan finisman peryòd asistans lan.
  • Pwopriyetè yo dwe bay sèvis antreyen nan tout bilding yo.
  • Pwopriyetè yo dwe ajou epi an règ ak pèman finansman pwopriyete a epi pou l posede yon lisans lwaye ki valid.

Ki enfòmasyon ki nesesè?

Pwopriyetè ki nesesè yo dwe bay enfòmasyon sa yo:

  • Non pwopriyete a, adrès, non ak nimewo telefòn oswa enfòmasyon sou kontak pwopriyetè a (si se yon lòt moun ki pa pwopriyetè a).
  • Kantite inite ki pa gen moun ki gen yon douch, yon kizin ak yon chanm separe ki disponib pou sèlman FEMA itilize ak kantite chanm chak lojman genyen.
  • Kantite lojman ki respekte estanda Aksesiblite Federal Inifòm epi/oswa karakteristik ki bay moun ki andikape yo aksesiblite.
  • Konfimasyon ki fè konnen pwopriyetè a ajou ak pèman finansman pwopriyete a.
  • Konfimasyon ki fè konnen pwopriyete a disponib imedyatman pou moun ki aplike yo amenaje.
  • Antesedan itilizasyon bilding nan (dat yo te itilize l kòm yon espas ki nan lwaye, elatriye) si sa aplikab.
  • Sèvis piblik ki fè pati lwaye a.
  • Kantite lojman ki meble konplè.
  • Montan lwaye pwopriyete a, ansanm ak nenpòt frè ki asosye avè l.
  • Restriksyon ki gen rapò ak bèt domestik, tankou tip, kantite oswa gwosè, ak depo ki aplikab pou bèt domestik yo; epi
  • Kantite plas pakin (ansanm ak aksesiblite epi aksesiblite veyikil livrezon) ki disponib pou chak inite lojman.

Pou jwenn plis enfòmasyon

  • Pwopriyetè ki enterese yo oswa konpayi jesyon yo dwe bay repons epi fè kòmantè nan jou Vandredi k ap 29 Novanm 2024 la sou fema-direct-lease-dr4828fl@fema.dhs.gov. Sijè Imèl la dwe endike RFI# 70FBR425I00000005.
  • Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou posiblite sa a sou SAM.gov

Demann ransèyman an se pa yon Demann pou Pwopozisyon (Request for Proposal, RFP), se pa yon envitasyon pou soumèt yon òf (Invitation for Bid, IFB), oswa yon Demann pou Kotasyon (Request for Quotation, RFQ) epi yo pa dwe entèprete l tankou yon angajman gouvènman an pran pou l konkli yon kontra epi gouvènman an pa p peye pou ransèyman ki soumèt pou demann sa a. Nou pral itilize repons notifikasyon sa a pou detèmine ki pwopriyete ki repekte kritè Lwaye Dirèk la epi l ap sèvi kòm mwayen ki pi fasil epi ki pi rantab pou founi yon èd dirèk bay sinistre ki elijib yo. FEMA vle jwenn enfòmasyon oswa kapasite sou mache a pou l ka fè planifikasyon. 

Tags:
Dènye Mizajou