Kijan Pou Mwen Konteste Desizyon Final la?

alert - info

Enfòmasyon ki figire nan paj sa pa reflete mizajou Asistans Endividyèl pou katastwòf ki deklare nan dat kap 22 mas 2024 la.

Kounye a, pran plis sou sa ki disponib yo.

Si w resevwa yon lèt ki fè konnen ou pa kalifye pou asistans oswa aplikasyon w lan pa konplè, ou ka toujou ranpli aplikasyon an oswa konteste desizyon an nan 60 jou apre w fin resevwa yon lèt desizyon an. Yo ta sipoze voye lèt la ba ou nan lapòs oswa yo ta mete l nan kont,  Sant Asistans pou Dezas, ou si ou te kreye yon kont.

Yon kontestasyon se yon demann alekri bay FEMA pou revize dosye w la ankò, ak yon opòtinite pou bay nouvo enfòmasyon oswa enfòmasyon adisyonèl ki pa te soumèt anvan ki ka afekte desizyon an. Ou ka konteste nenpòt desizyon FEMA pran konsènan aplikasyon w pou Asistans Endividyèl, tankou premye desizyon w sou kalifikasyon, kantite oswa kalite asistans yo ba w, aplikasyon anreta, demann pou retounen lajan, oswa yon refi pou Kontinye Asistans pou Lojman Tanporè.

Si w gen kesyon konsènan lèt la ou resevwa a oswa sou fason pou w voye yon kontestasyon, ou ka kontakte yon ajan Liy Èd FEMA nan 1-800-621-3362 (FEMA), oswa (TTY) 1-800-462-7585. Ou ka chwazi tou pou mande yon kopi dosye w nan FEMA pou ede w konprann pou kisa ou te resevwa desizyon ou vle konteste a.

Kijan pou Konteste yon Desizyon

Eksplike alekri pou kisa ou panse desizyon an sou kantite oswa kalite asistans ou te resevwa a pa kòrèk. Oumenm oswa ko-aplikan ou a dwe siyen lèt la.

Si w chwazi pou yon twazyèm pati soumèt yon kontestasyon nan non w, twazyèm pati a dwe siyen lèt kontestasyon an. Anplis de sa, mete yon deklarasyon ou siyen, ki otorize twazyèm pati a pou konteste yon desizyon sou non w, sof si dokiman sa yo deja nan dosye w. 

Pou jwenn yon kopi dosye w la, ou dwe soumèt yon demann alekri ki gen ladan non w okonplè, nimewo aplikasyon FEMA, nimewo katastwòf, adrès pwopriyete ki domaje a ak adrès lapòs ou ye kounye a, dat nesans ou ak siyati w avèk youn nan sa ki annapre yo.

  • Yon so notarye oswa siyati so notè, oswa
  •  Yon deklarasyon ki di, “Mwen deklare, anba penalite pou fo temwayaj, enfòmasyon ki bay yo se verite epi kòrèk.”

Mete nenpòt dokiman sipò, tankou estimasyon kontraktè oswa lèt refi soti nan konpayi asirans ak demann kontestasyon ou an.

Kijan pou Soumèt Kontestasyon Ou

Ou ka soumèt kontestasyon ou a ak dokiman sipò yo sou Entènèt, anpèsòn, pa lapòs oswa pa faks.

Sou Entènèt

Ou kapab jere kontestasyon yo sou entènèt. Vizite AsistanspouDezas.gov pou kreye yon kont epi telechaje tout dokiman sipò yo lè w sèvi avèk lyen "Sant Upload" Korespondans lan.

Anpèsòn

Ou ka mennen demann kontestasyon ou an nan yon Sant Rekiperasyon nan Dezas. Sant yo fonksyone anba pwotokòl estrik COVID-19. Li obligatwa pou mete mask oswa kouvri figi w pou w jwenn sèvis.

Pa Lapòs

Voye lèt kontestasyon ou ak dokiman sipò w yo nan lapòs bay:

FEMA - Individuals & Households Program National Processing Service Center
P.O. Box 10055
Hyattsville, MD 20782-8055

Pa Faks

Fakse lèt kontestasyon ou ak dokiman sipò w yo nan:

(800) 827-8112
Atansyon: FEMA – Pwogram Endividyèl ak Fanmi yo

alert - info

Pou yo ka konsidere, lèt kontestasyon ou an dwe gen yon dat so lapòs anvan 60 jou apre dat lèt desizyon an.

Apre W Fin Soumèt Kontestasyon Ou

Yo egzamine tout kontestasyon yo. Anjeneral, yo pran desizyon yo nan lespas 30 jou apre yo resevwa apèl la, men, li ka pran jiska 90 jou pou yon desizyon.

Yo ka mande w plis enfòmasyon si FEMA pa gen ase enfòmasyon pou pran yon desizyon.

Y ap fè w konnen alekri repons pou apèl ou a, swa pa lapòs oswa atravè kont AsistanspouDezas.govou te kreye lè w te aplike ak FEMA.

Dènye mizajou