Paj sa bay repons ak kesyon moun abitye poze sou Asistans Pèsonèl pou moun ki viktim katastwòf.
Repons Kesyon moun abitye poze
Dewoule lis la pou filtre kesyon yo pa kategori, oswa tape yon mo kle
FEMA.gov ap mete ajou pou konfòme yo ak Dekrè Egzekitif Prezidan Trump yo. Mèsi pou pasyans ak konpreyansyon w.
Paj sa bay repons ak kesyon moun abitye poze sou Asistans Pèsonèl pou moun ki viktim katastwòf.
Dewoule lis la pou filtre kesyon yo pa kategori, oswa tape yon mo kle
Wi. Ou kapab kalifye pou èd pou katastwòf FEMA a menm si ou gen asirans? Men, pou analize elijiblite ou, ou pral bezwen fè yon reklamasyon nan konpayi asirans ou a epi bay lèt règleman oswa refi a.
Legalman, FEMA pa kapab bay menm avantaj asirans deja bay.
Genyen plizyè fason ou ka chèche èd pou katastwòf la:
Ou ka aplike pou èd pou katastwòf FEMA a, jis apre Prezidan an fin fè deklarasyon ofisyèl gen yon katastwòf nan zòn lakay ou a. Depi Èd Pèsonèl la deklare (gen lòt kalite deklarasyon), FEMA travay ak Stet epi ak gouvènman lokal yo pou idantifye zòn kote moun pral bezwen Èd Pèsonèl.
Se Gouvènè a ki fè Deklarasyon Ijans nan Stet la, anvan oswa imedyatman apre katastwòf la. Men, anvan ou aplike pou Èd Pèsonèl FEMA a, Prezidan an dwe fè yon deklarasyon federal, ann apa. Suiv nouvèl nan zòn lakay ou epi/oswa verifye sou sit disasterassistance.gov si yon deklarasyon deja fèt nan zòn lakay ou a. Si konte, vil oswa katye ou ye a pa site nan premye deklarasyon an, kontinye suiv paske yo ka site l pita.
Èd la disponib pou viktim katastwòf ki elijib, tankou lokatè ki gen depans ki pa asire oswa asirans yo pa sifi, epi ki nan bezwen toutbonvre.
Lokatè kapab tou kalifye pou èd pou depans pou zafè pèsonèl ak lòt depans katastwòf la oblije yo fè. Sa ka vle di ranplase oswa repare zafè pèsonèl nesesè, tankou mèb, aparèy, rad, liv ak founiti lekòl; ranplase oswa repare zouti ak lòt ekipman pou travay; repare machin; fakti doktè/dantis.
TSA a se yon pwogram FEMA genyen ou yon seri de katastwòf. Li pèmèt pou ebèje tanporèman, pou yon tan ki pa long, nan yon otèl/motèl FEMA peye dirèkteman. Viktim katastwòf pa dwe aplike pou TSA. Se FEMA menm ki ap kontakte viktim ki elijib yo pou l di yo sa.
Sibvansyon an kapab lajan lwaye, oswa peye yon lòt kote pou rete pandan yon ti tan tou kout pandan reparasyon kay ou te lwe a ap fèt oswa jiskaske ou ka tounen al viv ladan l. Sibvansyon lwaye a kapab sèvi tankou garanti, lwaye, oswa lajan pou peye bagay esansyèl tankou gas ak dlo. Sibvansyon sa yo pa ka sèvi pou peye kab televizyon oswa bil entènèt.
ebèjman sekou yo souvan gen règleman sou bèt domestik. ebèjman sekou Lakwa Wouj yo kite moun vini ak bèt ki fòme pou sèvis.
Suiv svp sa yo mande nan lèt desizyon an.
Lè ou ap fè yon demand reverifye, mete enfòmasyon sa yo nan tou paj dokimantasyon
ou a:
Ou kapab telechaje, faks, oswa voye pa lapòs lèt ak dokimantasyon demand reverifye a.
Ou ap jwenn eksplikasyon sou kijan pou voye demand reverifye nan lèt desizyon an. Demand reverifye pa kapab fèt nan telefòn.