TALLAHASSEE, Fla.– Apre w fin aplike pou asistans federal pou katastwòf, li enpòtan pou FEMA ka kontakte w. Nou dwe konnen apèl telefonik FEMA yo ka soti nan nimewo ki pa idantifye oswa ki soti nan lòt zòn.
Si nimewo telefòn ou, adrès aktyèl ou, enfòmasyon bankè ou oswa asirans ou chanje, tanpri, fè FEMA konnen sa a pi vit posib, sinon ou ka pèdi apèl oswa korespondans ki enpòtan.
FEMA ka bezwen rele kèk sivivan pou kontinye trete aplikasyon yo te soumèt pou asistans lan apre pasaj Siklòn Milton ak Helene. FEMA ka kontakte kèk sivivan tou pou jwenn plis enfòmasyon pou aplikasyon yo a.
Ou ka mete enfòmasyon pou kontakte w yo ajou plizyè fason: Ale sou entènèt sou DisasterAssistance.gov, vizite Disaster Recovery Center oswa rele 800-621-3362. Liy yo ouvri chak jou epi gen èd ki disponib nan majorite lang yo. Si w ap itilize yon sèvis relè, telefòn ki gen soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo w pou sèvis sa a.
Reprezantan FEMA yo pa janm mande moun k ap aplike pou asistans pou katastwòf, pou enspeksyon oswa pou èd pyès lajan pou ranpli aplikasyon yo. Sèvis yo gratis. Pa kwè pèsòn ki pwomèt ou y ap ba w yon sibvansyon pou katastwòf si ou peye yo.
Pou w ka jwenn dènye enfòmasyon sou rekiperasyon apre Siklòn Milton, vizite fema.gov/disaster/4834. Pou w ka jwenn enfòmasyon sou rekiperasyon apre siklòn Helene, vizite fema.gov/disaster/4828. Swiv FEMA sou X sou x.com/femaregion4 oswa sou Facebook sou facebook.com/fema.
###
Misyon FEMA se ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf yo.
FEMA pran angajman pou l asire l asistans pou katastwòf yo fèt san fòs kote, san diskriminasyon sou baz ras, koulè po, nasyonalite, sèks, oryantasyon seksyèl, relijyon, laj, andikap, konpetans nan lang anglè oswa estati ekonomik. Nenpòt sivivan katastwòf oswa manm piblik la ka kontakte FEMA Biwo Dwa Sivil (Office of Civil Rights) si yo santi yo gen yon plent pou diskriminasyon. Biwo Sivil FEMA a Ou ka kontakte dwa yo nan FEMA-OCR@fema.dhs.gov oswa gratis nan 833-285-7448.