TALLAHASSEE, Florida – Malgre dat limit pou aplike pou asistans FEMA pou Siklòn Milton ak/oswa Helene yo te pase, nou toujou disponib pou ede aplikan yo. Floridyen ki afekte nan tanpèt yo ta dwe rete an kontak avèk FEMA pou asire pwosesis asistans pou katastwòf yo rete valab.
Li espesyalman enpòtan pou w fè FEMA konnen nenpòt chanjman nan enfòmasyon kontak ou. Ou kapab mete ajou enfòmasyon kontak ou oswa verifye estati aplikasyon ou pandan w ap:
- Vizite DisasterAssistance.gov
- Rele FEMA dirèkteman nan 800-621-FEMA (3362)
- Itilize aplikasyon FEMA a
- Vizite yon Sant Rekiperasyon Pou Katastwòf (Disaster Recovery Center). Vizite FEMA.gov/DRC oswa voye tèks DRC avèk Kòd Postal ou a nan 43362 (Egzanp: “DRC 32344”).
Aplikasyon ou an gendwa gen enfòmasyon ki manke sa ki ka anpeche li fin konplete. Ou ka soumèt dokiman yo pandan w ap:
- konekte sou kont ou nan DisasterAssistance.gov
- Lapòs Estanda: P.O. Box 10055 Attn: FEMA Hyattsville, MD 20782-8055
- Faks 1-800-827-8112 (Paj kouvèti obligatwa)
Pou w ka jwenn dènyè enfòmasyon sou rekiperasyon aprè Siklòn Milton, vizite fema.gov/disaster/4834. Pou w ka jwenn enfòmasyon sou rekiperasyon aprè Siklòn Helene, vizite fema.gov/disaster/4828. Pou Siklòn Debby a, vizite fema.gov/disaster/4806. Swiv FEMA sou X sou x.com/femaregion4 oswa sou Facebook sou facebook.com/fema.