TALLAHASSEE, Fla. – FEMA te Ouvri yon Sant Mobil Reyabilitasyon apre Katastwòf nan Konte Palm Beach pou bay èd youn pa youn bay Rezidan Florida yo ki afekte akoz Siklòn Milton nan. Sant lan kapab sèvi tou pou sivivan Siklòn Helene oswa Siklòn Debby yo.
Sivivan yo pa bezwen vizite yon sant pou yo aplike pou asistans. Nou ankouraje sivivan yo pou yo aplike anliy nan DisasterAssistance.gov oswa telechaje FEMA App la. FEMA pa distribiye lajan kach nan Sant Reyabilitasyon apre Katastwòf yo.
Adrès Sant lan:
Konte Palm Beach
The Nest
9900 Sandhill Crane Drive
Palm Beach Gardens, FL 33412
Orè: Soti Mèkredi pou rive Vandredi depi 11 è am rive 7 è pm, nan dat 1ye Novanm 2024.
Lè yo deplase sant sa a pou mete l nan yon nouvo lokal, y ap bay pliblik la detay sou sa.
Pou w ka jwenn adrès lòt sant ale sou fema.gov/drc oswa voye tèks “DRC” ak yon Kòd Postal nan 43362. Tout sant yo aksesib pou moun ki gen andikap oswa ki bezwen aksè fonksyonèl epi ekipe ak teknoloji asistans.
Nou ankouraje pwopriyetè kay ak lokatè yo pou yo aplike anliy nan DisasterAssistance.gov oswa lè yo itilize FEMA App. Ou ka aplike tou nan telefòn nan 800-621-3362. Si w chwazi aplike nan telefòn, tanpri nou swete w konprann tan atant yo ka pi long akoz volim apèl yo ki ogmante apre plizyè katastwòf ki sot pase yo. Liy telefòn yo ouvri chak jou epi gen èd ki disponib nan majorite lang yo. Si w ap itilize yon sèvis relè, telefòn ki gen soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo w pou sèvis sa a. Pou w gen aksè ak yon videyo sou fason pou w aplike pou w jwenn asistans, ale sou FEMA Accessible: Aplike pou Asistans Endividyèl - YouTube.
Pou w ka jwenn dènye enfòmasyon sou reyabilitasyon apre Siklòn Milton nan, vizite fema.gov/disaster/4834. Pou w ka jwenn enfòmasyon sou reyabilitasyon apre siklòn Helene nan, vizite fema.gov/disaster/4828. Pou w ka jwenn enfòmasyon sou reyabilitasyon apre siklòn Debby a, vizite fema.gov/disaster/4828. Swiv FEMA sou X sou x.com/femaregion4 oswa sou Facebook sou facebook.com/fema.