TALLAHASSEE, Fla. -- Pwopriyetè kay ak lokatè ki nan Konte DeSoto yo ki gen domaj oswa pèt akoz siklòn Helene nan, domaj oswa pèt ki pa gen asirans oswa asirans yo genyen an pa ase, kapab aplike pou asistans pou katastwòf FEMA a.
FEMA ka anmezi pou ede nan sa ki gen pou wè ak yon seri bezwen grav, deplasman, lojman tanporè, depans pou reparasyon debaz nan kay, pèt byen pèsonèl esansyèl oswa lòt bezwen ki lye ak katastwòf. Konte DeSoto ansanm ak Alachua, Baker, Bradford, Charlotte, Citrus, Collier, Columbia, Dixie, Duval, Franklin, Gilchrist, Gulf, Hamilton, Hernando, Hillsborough, Jefferson, Lafayette, Lee, Leon, Levy, Madison, Manatee, Pasco, Pinellas, Putnam, Sarasota, Suwannee, Taylor, Union epi konte Wakulla gen otorizasyon pou yo benefisye Asistans Endividyèl FEMA a.
Nou ankouraje pwopriyetè kay ak lokatè yo pou yo aplike anliy nan DisasterAssistance.gov oswa lè yo itilize FEMA App. Ou ka aplike tou nan telefòn nan 800-621-3362. Si w chwazi aplike nan telefòn, tanpri nou swete w konprann tan atant yo ka pi long akoz volim apèl yo ki ogmante apre plizyè katastwòf ki sot pase yo. Liy telefòn yo ouvri chak jou epi gen èd ki disponib nan majorite lang yo. Si w ap itilize yon sèvis relè, telefòn ki gen soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo w pou sèvis sa a. Pou w gen aksè ak yon videyo sou fason pou w aplike pou w jwenn asistans, ale sou FEMA Accessible: Aplike pou Asistans Endividyèl - YouTube.
Sa W ap Bezwen Lè W ap Aplike
- Yon nimewo telefòn aktyèl kote yo kapab jwenn ou.
- Adrès ou te genyen nan moman katastwòf la ak adrès kote ou rete kounye a.
- Nimewo Sekirite Sosyal ou.
- Yon lis jeneral sou domaj ak pèt yo.
- Enfòmasyon kanè bank ou si w chwazi depo dirèk.
- Si ou genyen asirans, nimewo kontra oswa nimewo ajan ak/oswa non konpanyi an.
Si ou genyen asirans pwopriyetè kay, lokatè oswa asirans pou inondasyon, ou dwe depoze yon reklamasyon tousuit. FEMA pa kapab founi plis pase yon sèl avantaj pou pèt asirans lan te kouvri. Si kontra ou a pa kouvri tout depans domaj ou yo, ou kapab kalifye pou asistans federal.
Si w te gen domaj nan Siklòn Helene ak siklòn Milton, w ap bezwen aplike apa pou chak katastwòf yo epi bay dat domaj ou sibi yo pou yo chak.
Pou w ka jwenn dènye enfòmasyon sou reyabilitasyon apre Siklòn Milton nan, vizite fema.gov/disaster/4834. Pou Siklòn Helene nan, vizite fema.gov/disaster/4828. Pou Siklòn Debby a, vizite fema.gov/disaster/4806. Swiv FEMA sou X sou x.com/femaregion4 oswa sou Facebook sou facebook.com/fema.