FEMA ap Travay Pandan Peryòd Vakans lan pou Sivivan Siklòn Ida yo

Release Date Release Number
055
Release Date:
Desanm 15, 2023

Pase vakans la lakay genyen yon pi gwo sans pou sila Siklòn Ida te afekte yo. Se pou rezon sa a, FEMA ap kontinye travay pandan peryòd vakans la pou l sipòte sivivan ki elijib yo nan pwosesis y ap mennen pou yo jwenn solisyon pwovizwa, ki ka dire yon bon tan, ak yon solisyon pèmanan nan sa ki gen pou wè ak pwoblèm lojman an.

Akoz sitiyasyon chak sivivan diferan, FEMA ap evalye aplikasyon chak moun epi pou l ka ede sivivan ki elijib yo jwenn pi bon solisyon pou kesyon lojman ki mache ak bezwen yo selon moun yo ye a.

FEMA ap kontinye pwogrese. Ekip asistans dirèk pou lojman an kontinye ap etale inite fabrik lojman yo ak karavàn yo. Plizyè inite te deja resevwa "pèmi antre", sa ki vle di fanmi yo te jwenn kle yo epi yo te gen an posesyon yo kay tanporè yo a epi sivivan yo ap kontinye jwenn pèmi antre pandan tout peryòd vakans lan.

Aplikan yo ta dwe rete an kontak avèk FEMA pou yo rasire yo pwosesis asistans pou katastwòf la ap byen mache. Enfòmasyon ki manke oswa ki fo ka lakòz reta nan pwosesis pou w resevwa èd la. Aplikan yo ka mete enfòmasyon sou kontak yo ajou, yo ka rapòte lòt enfòmasyon pou deklare domaj anplis nan kay la oubyen yon reta nan reklamasyon asirans yo nan fason sa yo:

  • Rele gratis nan 800-621-3362, liy telefòn nan ouvè chak jou sòti 7è nan maten jiska 10è nan apre midi, Lè Lès Gen èd ki disponib nan plizyè lang.
    • Nou pral anonse yon kalandriye nou mete ajou nan peryòd vakans la pou liy asistans la lè l disponib.
  • Ale sou sitwèb DisasterAssistance.gov oubyen;
  • Telechaje aplikasyon FEMA a sou aparèy mobil ou yo.
  • Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oubyen lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.

Pou dènye enfòmasyon sou reyabilitasyon Florida apre Siklòn Idalia a, ale sou floridadisaster.org/info ak fema.gov/disaster/4734. Suiv FEMA sou X, ansyen non Twitter sou twitter.com/femaregion4 ak sou facebook.com/fema.

Tags:
Dènye Mizajou