Kisa kap pase apre m fin aplike?
Apre ou fin aplike pou Asistans Fineray COVID-19 lè ou rele Liy èd Asistans Fineray COVID-19, reprezantan FEMA ap ba ou yon nimewo aplikasyon FEMA. Ou pral bezwen pou enkli nimewo sa a sou nenpòt dokiman ou soumèt nan FEMA, oswa si ou rele Liy èd Asistans Fineray COVID-19 nan pita pou mande kesyon sou aplikasyon w lan.
Nan lespas 3 a 5 jou biznis apre ou fin aplike, FEMA pral voye yon lèt ba ou avèk enfòmasyon sou Asistans Fineray COVID-19 ak yon lis dokiman ou dwe soumèt.
Si ou itilize yon sèvis relè tankou yon telefòn videyo, Innocaption oswa CapTel, tanpri bay FEMA nimewo spesifik ki asiyen a oumenm pou sèvis sa kidonk FEMA ka kontakte ou.