Èske FEMA ap peye franchiz asirans moun ki viktim katastwòf?

FEMA bay èd lajan pou aplikan elijib ki pa gen asirans oswa asirans yo limite, men èd sa yo bay sèlman apre asirans moun deja peye relamasyon yo. Èd pou katastwòf la ka gen èd lajan pou ebèjman tanporè ak reparasyon kay, prè ak to enterè ki byen ba pou peye dega nan kay la ki pa t asire ansanm ak lò pwogram pou ede moun ak pwopriyetè bisnis rekanpe djanm apre dega katastwòf la fè sou yo. FEMA pa kapab bay menm avantaj asirans deja bay oswa peye franchiz asirans la pou ou.

Dènye Mizajou