Kesyon ak Repons sou Lojman Drèk Sidès Louisiana pou Siklòn Laura

Release Date:
December 31, 2020

Q: Kijan FEMA detèminie lòd kimoun ki pou jwenn yon inite lojman tanporè?

A: Yo pral mete sivivan ki konplete aplikasyon FEMA e ki bay dokiman ki nesesè ki montre domaj nan Rezidans yo nan yon lis datant. Kèk lòt ka tankou sivivan k ap viv nan abri piblik, tant oswa lòt lojman ki pa an sekirite, yo jeneralman konsidere yo kòm ka priyoritè pou resevwa lojman FEMA.

Q: Mwen ta renmen yo mete yon inite toupre kay mwen pou m kapab rekonstri tèt mwen.  Kisa ki pral rive si mwen pa fini nan 18 mwa?

A: Si FEMA, Ajans Leta, ak Ofisye Lokal yo detèmine gen yon bezwen pou asistans kontinyèl apre premye peryòd 18 mwa a, e out e swiv tout kondisyon kalifikasyon yo jiska pwen sa a, ou ka kalifye pou yon ekstansyon mwa pa mwa. Pou w rete kalifye, ou dwe swiv tout kondisyon kontra lisans lan, tankou pran swen inite a, rankontre regilyèman ak travayè sosyal ou, e sitou pwogrese nan yon plan lojman pèmanan.

Q: Èske lojman tanporè yo afekte lòt asistans FEMA?

A: Non. Si w se yon pwopriyetè, ou ka kalifye tou pou w resevwa asistans FEMA pou reparasyon kay pandan ou rete nan yon inite tanporè. Pwopriyetè ak lokatè yo ka kalifye pou Lòt Bezwen Asistans FEMA, tankou depans dantè ak medikal ki gen rapò ak siklòn, gadri, domaj machin, demenajman ak depo, depans fineray ak reparasyon oswa ranplasman pwopriyete pèsonèl esansyèl.

Q: Èske mwen ka fè amizman nan inite lojman mwen an, pèmèt lòt moun rete nan inite a oswa lwe yon chanm nan inite mwen an?

A: Ou ka gen konpanyen, men ou paka lwe yon pati nan inite w pou revni pèsonèl.  Si yon manm nan fanmi w bezwen rete avèk ou, ou dwe kontakte travayè sosyal ou pou w chanje kondisyon kontra w.  Si yon moun ki rete nan inite w la fè yon timoun, FEMA konsidere timoun nan tankou yon rezidan adisyonèl.

Q: Èske mwen ka mete bèt nan inite a avèk mwen?

A: Wi. FEMA pèmèt jiska de bèt.

Q: Èske gen yon bagay mwen ka fè pou pwosesis la ale pi rapid?

A: Wi. Kenbe etap ki annapre yo nan lespri w pou w evite ralanti pwosesis la:    

  • Rete disponib. Ou dwe prezan pou yon enspeksyon nan plas la. FEMA pral fè aranjman pou l mete yon MHU nan pwopriyete w si ajans la detèmine li posib.  Yon reprezantan FEMA pral bay enfòmasyon pandan pwosesis enspeksyon an pou w ka kontakte yo si w gen kesyon sou estati MHU w.
  • Yon fwa yo apwouve w pou yon inite FEMA, kontakte konpayi kouran w pou yo enstale yon dezyèm sèvis ak kontè nan pwopriyete w la. Pawas oswa ofisye piblik yo pral enspekte enstalasyon an epi notifye konpayi kouran pou yo bay kouran an.  Di konpayi kouran an se pou yon enstalasyon MHU FEMA.
  • Ede FEMA jwenn dwa pou antre nan men vwazinaj ou yo. FEMA bezwen pèmisyon pou l fouye liy sèvis piblik yo oswa jwenn aksè nan plas la.
Tags:
Dènye mizajou