Preparasyon Siklòn pou yon Moun ki Andikape oswa ki Gen Bezwen Anrapò ak Aksè/Fonksyònman

Release Date:
Jen 9, 2022

Èske ou menm oswa yon manm nan fanmi ou gen yon andikap, oswa nan yon kondisyon ki mande yon aranjman espesyal? Pwofite tan ki genyen anvan yon siklòn pou ou planifye ki jan ou pral retire kò ou san danje.

Chèche Konnen ki Kalite Materyèl ki Nesesè

Panse ak materyèl ou toujou ap itilize yo. Si ou dwe retire kò ou, petèt, kapab gen materyèl moun ka pote ki pral pi lejè epi ki pi fasil pou ou pote, tankou yon chèz woulant manyèl ki lejè. Pote kòd pou yon machin C-PAP, aparèy oksijèn, materyèl pou fè tès oswa lòt aparèy ki vital. Provizyon pou yon animal ki konn ede pral fin konplete preparasyon yo.

Fè yon Ekip

Panse ak moun ki ta ka disponib pou ede ou pou sizoka ta gen ijans, tankou zanmi oswa vwazen, pou si yon manm nan fanmi ou oswa yon moun ki konn abitye ba ou swen pa kapab la. Asire ou yo gen yon kle kay la, epi yo konnen ki jan pou yo sèvi ak tout materyèl medikal oswa materyèl pou deplasman, epi asire ou yo konnen ki kote medikaman yo ye epi pou yo abitye ak dozaj yo.

Dyaliz, Fizyoterapi oswa Lòt Tretman Nòmal ki Nesesè

Mande moun ki abitye bay swen an, ki konsiy nou pral suiv pou sizoka gen ijans. Si plan pou ou deplase a mande pou ou demenaje, chèche konnen ki bò lokal founisè yo ye epi si y ap aksepte asirans ou a.

Pèsonalize Twous Ou a

Si ou depann de yo, asire ou mete linèt, aparèy pou tande, pil/chajè ak preskripsyon ki ekri yo. Si ou fè yon lis, sa ap ede ou pou ou pa bliye bagay ki enpòtan yo dèyè. Menm si ou ap bezwen èd pou fè preparasyon yo, patisipe nan demach yo. Li enpòtan pou chak moun aji tankou se yo menm k ap jere ijans pou pwòp tèt yo. Si ou fè yon ti efò chak jou pou ou prepare ou, sa ap ba ou kouraj epi sa ap pèmèt ou pi byen kontwole sitiyasyon an.

Sit entènèt ki vin annapre a bay atik debaz pou ou pote si ou dwe retire kò ou. Ale sou sit Biwo Gouvènè pou Sekirite Nasyonal ak Preparasyon pou Sizoka gen Ijans lan (Governor’s Office of Homeland Security and Emergency Preparedness) http://gohsep.la.gov/MITIGATE/OVERVIEW/Fact-Sheet-Index/Disaster- Supply-Kit oswa sou https://www.ready.gov/disability.

Pou plis konsèy sou fason pou ou prepare ou, ou ka gade yon videyo FEMA la a avèk entèpretasyon Lang Siy Ameriken. Preparasyon Gen Enpòtans pou Moun ki Andikape ak Lòt Moun ki Gen Bezwen Aksè ak Bezwen Anrapò ak Fonksyònman (Preparing Makes Sense For People With Disabilities And Other Access And Functional Needs) - Youtube Gen plis enfòmasyon ki disponib sou ki jan pou ou prepare ou pou yon siklòn nan Ready.gov.

Tags:
Dènye Mizajou