SANT REYABILITASYON KATASTWÒF LOUVRI NAN KONTE POLK [https://www.fema.gov/ht/press-release/20241024/disaster-recovery-center-open-polk-county] Release Date: Oktòb 23, 2024 TALLAHASSEE, FLA. – FEMA te Ouvri yon Sant Reyabilitasyon pou Katastwòf nan Konte Polk pou bay èd youn pa youn bay Rezidan Florida yo ki afekte nan Siklòn Milton. Sant lan kapab sèvi tou pou sivivan Siklòn Helene oswa Siklòn Debby yo. Sivivan yo PA bezwen vizite yon sant pou yo aplike pou asistans. Nou ankouraje sivivan yo pou yo aplike anliy nan DisasterAssistance.gov [https://www.disasterassistance.gov/] oswa telechaje FEMA App [https://www.fema.gov/about/news-multimedia/mobile-products] la. FEMA pa distribiye lajan kach nan Sant Reyabilitasyon apre Katastwòf yo. ADRÈS SANT LAN: KONTE POLK Sant W.H. Stuart 1702 South Holland Parkway Bartow, FL 33830 Orè: 9 è am - 6 è pm depi Lendi rive Dimanch Pou w ka jwenn adrès lòt sant ale nan fema.gov/drc [http://www.fema.gov/drc] oswa voye tèks “DRC” ak yon Kòd Postal nan 43362. Tout sant yo aksesib pou moun ki gen andikap oswa ki bezwen aksè fonksyonèl epi ekipe ak teknoloji asistans.  Nou ankouraje pwopriyetè kay ak lokatè yo pou yo aplike anliy nan DisasterAssistance.gov [https://www.disasterassistance.gov/] oswa lè yo itilize FEMA App [https://www.fema.gov/about/news-multimedia/mobile-products]. Ou ka aplike tou nan telefòn nan 800-621-3362. Si w chwazi aplike nan telefòn, tanpri nou swete w konprann tan atant yo ka pi long akoz volim apèl yo ki ogmante apre plizyè katastwòf ki sot pase yo. Liy telefòn yo ouvri chak jou epi gen èd ki disponib nan majorite lang yo. Si w ap itilize yon sèvis relè, telefòn ki gen soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo w pou sèvis sa a. Pou w gen aksè ak yon videyo sou fason pou w aplike pou w jwenn asistans, ale sou FEMA Accessible: Aplike pou Asistans Endividyèl - YouTube [https://www.youtube.com/watch?v=HhtlyTX49RE]. Pou w ka jwenn dènye enfòmasyon sou reyabilitasyon apre Siklòn Milton nan, vizite fema.gov/disaster/4834 [https://www.fema.gov/disaster/4834]. Pou w ka jwenn enfòmasyon sou reyabilitasyon apre siklòn Helene nan, vizite fema.gov/disaster/4828 [https://www.fema.gov/disaster/4828]. Pou w ka jwenn enfòmasyon sou reyabilitasyon apre siklòn Debby a, vizite fema.gov/disaster/4828 [https://www.fema.gov/disaster/4806]. Swiv FEMA sou X sou x.com/femaregion4 [https://x.com/femaregion4] oswa sou Facebook sou facebook.com/fema [http://www.facebook.com/fema].